Yon jwèt ki chita sou batay endepandans Ayiti, ewo nou yo, ak patrimwàn istorik peyi a.
Revolt mete w nan po ewo revolisyon Ayiti a. Ou pral viv eprèv ak viktwa istorik ki te mennen Ayiti vin premye repiblik nwa endepandan nan mond lan.
Ou pral dekouvri taktik, lidèchip ak kouraj tout gwo figi tankou Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines, ak anpil lòt.
Revolt entegre sit istorik tankou Citadelle Laferrière, Palè Sans-Souci ak lòt moniman ki se temwayaj vivan sou listwa nou.
Timoun yo ka aprann sou enpòtans eritaj sa yo pandan y ap jwe, sa ede yo vin pi atache ak kilti ak listwa peyi yo.
Chak timoun gen dwa konnen rasin li. Revolt se yon zouti edikatif ki konekte jenerasyon jodi a ak eritaj zansèt yo atravè plezi, imajinasyon ak defi.
Se pa sèlman yon jwèt – se yon eksperyans ki ankouraje lanmou pou peyi, respè pou listwa, epi devlopman konfyans tèt yo.